top of page
Image de STIL

5 REZON KI FÈ W DWE ENTEGRE PREFAK AN LIY CONCOURS-FAC HAÏTI A POU PREPARE KONKOU W

Concours-Fac Haïti se yon platfòm sou rezo sosyal yo ki la pou ede yon postilan k ap travay, ki pa gen tan oubyen ki rete nan zòn rekile nan peyi a pou prepare konkou admisyon l. Postilan ki pa gen aksè ak prefak, postilan ki pa renmen anbyans prefak, Concours-Fac Haiti la pou oryante w. Ou kapab prepare konkou w ak nou.






1. Nou se yon enstitisyon legal epi ki gen renome

Depi 21 fevriye 2020 platfòm lan anrejistre nan Ministè Komès ak Endistri kòm platfòm leta rekonèt k ap difize kontni sou zafè ledikasyon nan peyi a. Anplis de sa, an 2022 Observatoire de la Jeunesse Haitienne te klase nou pami 10 kont jèn nan peyi a k ap pataje kontni esntriktif sou rezo sosyal yo. Se rezilta 4 lane travay nan akonpanye postilan, nan pataje bagay ki ka ede jèn yo ki fè nou nan klasman sila.


2. Nou gen yon estaf konpetan ak dinamik


Ekip nou an gen 30 ankadrè. 80% ladan yo se te ansyen postilan platfòm lan ki vin reyisi nan konkou. Ankadrè sa yo se etidyan nan tout 12 antite UEH la plis sa ki nan Saj-Fanm, ENIP, ENST, CTPEA, IHECE, UNIQ elatriye. Nou konn sa n ap fè a epi nou renmen sa n ap fè a.


3. Nou chaje dokiman, tchala ak anpil tès


Depi kreyasyon nou nan lane 2019 n ap pataje dokiman ak postilan. Jodia nou se platfòm prefak ki plis dokimante. Pa gen yon tchala nou pa genyen. Ou pa ka nan prefak nou an pou w gen pwoblèm dokimantasyon. Menm gran piblik la toujou felisite nou pou kalite dokiman nou elabore yo. Anpil kesyon nan tès nou konn abitye bay sou gwoup nou yo ap soti chak ane nan konkou yo. Nou metrize sa n ap fè a.


4. W ap jwenn bon jan oryantasyon ak ankadreman


Gen anpil postilan ki echwe nan konkou se pa paske yo pa gen kapasite men paske chwa yo fè yo pa kadre ak sa yo genyen kom kapasite. Aprè plizyè konsta nou fè nan akonpanye postilan nou yo, nou te deside depi 2021 pou repati team nou yo yon lòt fason. Nou vin pase de 75 admi an 2020 a 175 an 2021. Pou dènye konkou 2022-2023 a la, nou bay 105 admi.


Team nou yo repati konsa :


Lettres et Sciences Humaines ; Sciences Economiques et Sociales


; Agro-Médical ; Sciences Appliquées


Nou repati team sa yo selon espesifisite konkou yo. Nou pa pran postilan nan 2 team men sa pa vle di li p ap gen kapasite konpoze nan fakilte ki trè pwòch yo menmsi yo nan team diferan. Nou gen yon fason espesyal nou jere ka sa yo.


5. Nou rekonpanse ekselans akademik


Depi lè nou lanse prefak an liy lan an 2020, nou toujou ankouraje jefò postilan nou yo. Nou peye enskripsyon nan konkou admisyon pou sila ki toujou fini nan top 3 nan rezilta global tchalenj yo epi nou kreye yon pri a pati ane akademik 2022-2023 a pou rekonpanse postilan ki fè bèl mwayèn nan konkou yo. Anplis li ka jwenn kòb pou enskripsyon nan konkou yo, yon postilan ka jwenn kòb tou si l pami postilan ki fè pi bèl mwayèn nan konkou yo pou platfòm lan. Konsa, yon postilan ka rive genyen 10 mil goud ki reprezante 400% frè li te peye pou l te patisipe nan prefak la.


Ou entèrese???


Ekri nou sou Whatsapp. Klike sou lyen sa. Ou kapab vizite nou sou Facebook sou non CONCOURS-FAC HAITI.



bottom of page